Haitian Creole Bible

Numbers 1

Numbers

Return to Index

Chapter 2

1

¶ Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:

2

-Lè moun pèp Izrayèl yo va rive yon kote pou yo rete, chak moun va moute tant yo toupre lˆbanyè yo, anba ti drapo branch fanmi zansèt yo. Y'a moute tant yo devan ak sou kote Tant Randevou a, men pa twò pre l'.

3

¶ Tout moun k'ap mache anba lˆbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a.

4

Dapre resansman an, te gen swasannkatòzmil sisan (74.600) gason nan divizyon sa a.

5

Moun Isaka yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Jida a yo. Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te chèf fanmi yo a.

6

Dapre resansman an, te gen senkannkatmil katsan (54.400) gason nan divizyon sa a.

7

Moun Zabilon yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Jida yo. Se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te chèf fanmi yo a.

8

Dapre resansman an, te gen senkannsètmil katsan (57.400) gason nan divizyon sa a.

9

Konsa, anba lˆbanyè Jida a, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sankatrevensimil katsan (186,400) gason. Se toujou yo menm ki pou mache devan lè y'ap deplase.

10

Tout moun k'ap mache anba lˆbanyè Woubenn yo va moute kan yo sou bò sid, chak divizyon apa. Se Elisou, pitit gason Chedeyou a, ki te chèf fanmi Woubenn lan.

11

Dapre resansman an, te gen karannsimil senksan (46.500) gason nan divizyon sa a.

12

Moun Simeyon yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Woubenn yo. Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te chèf fanmi yo a.

13

Dapre resansman an, te gen senkannèfmil twasan (59.300) gason nan divizyon sa a.

14

Moun Gad yo va rete sou menm bò a, agoch moun Woubenn yo. Se Elyasaf, pitit gason Reouyèl la, ki te chèf fanmi yo a.

15

Dapre resansman an, te gen karannsenkmil sisan (45.600) gason nan divizyon sa a.

16

Konsa, anba lˆbanyè Woubenn lan te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkanteyenmil katsansenkant (151.450) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an dezyèm pozisyon lè y'ap deplase.

17

Lè tout moun ap deplase, y'a mache nan menm pozisyon yo mete yo lè y'ap moute kan yo, anba lˆbanyè yo: de divizyon devan, de divizyon dèyè ak fanmi Levi yo nan mitan ap pote Tant Randevou a.

18

Tout moun k'ap mache anba lˆbanyè Efrayim lan va moute kan yo sou solèy kouche, chak divizyon apa. Se Elichama, pitit gason Amiyoud la, ki te chèf fanmi Efrayin lan.

19

Dapre resansman an, te gen karantmil senksan (40.500) gason nan divizyon sa a.

20

Moun Manase yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Efrayim yo. Se Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te chèf fanmi yo a.

21

Dapre resansman an, te gen tranndemil desan (32.200) gason nan divizyon sa a.

22

Moun Benjamen yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Abidan, pitit gason Gideyoni a, ki te chèf fanmi yo a.

23

Dapre resansman an, te gen trannsenkmil katsan (35.400) gason nan divizyon sa a.

24

Konsa, anba lˆbanyè Efrayim lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou san witmil san (108.100) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an twazyèm pozisyon lè y'ap deplase.

25

Tout moun k'ap mache anla lˆbanyè Dann lan va moute kan yo sou bò nò, chak divizyon apa. Se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki te chèf fanmi Dann lan.

26

Dapre resansman an, te gen swasanndemil sètsan (62.700) gason nan divizyon sa a.

27

Moun Asè yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Dann yo. Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te chèf fanmi yo a.

28

Dapre resansman an, te gen karanteyenmil senksan (41.500) gason nan divizyon sa a.

29

Moun Neftali yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Ayira, pitit gason Enan an, ki te chèf fanmi yo a.

30

Dapre resansman an, te gen senkanntwamil katsan (53.400) gason nan divizyon sa a.

31

Konsa, anba lˆbanyè Dann lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkannsètmil sisan (157.600) gason. Se toujou yo menm ki pou mache dèyè nèt, chak divizyon anba drapo pa yo.

32

Men kantite gason yo te jwenn nan pèp Izrayèl la dapre branch fanmi zansèt yo. Dapre resansman yo te fè a, divizyon pa divizyon, te gen sisantwamil senksansenkant (603.550) gason antou.

33

Men yo pa t' konte moun branch fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.

34

Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo moute kan yo, chak divizyon apa, anba lˆbanyè pa yo. Lè y'ap deplase, yo mache pa divizyon, chak moun ansanm ak branch fanmi zansèt yo.

Numbers 3

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com