Haitian Creole Bible

Numbers 8

Numbers

Return to Index

Chapter 9

1

¶ Nan premye mwa dezyèm lanne apre yo te soti kite peyi Lejip la, Seyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l' konsa:

2

-Se pou tout moun pèp Izrayèl yo fete fèt delivrans lan dat mwen te di yo fete l' la.

3

Katòzyèm jou premye mwa a, lè solèy fin kouche, n'a fete fèt la dapre tout lòd ak regleman mwen te ban nou pou sa.

4

Moyiz di pèp Izrayèl la pou yo fete fèt delivrans lan.

5

Epi yo fete fèt la nan aswè katòzyèm jou premye mwa a, nan dezè Sinayi a. Pèp la fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.

6

Men, vwala te gen kèk moun ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske yo te manyen kadav yon moun mouri. Yo pa t' kapab fete fèt delivrans lan jou sa a. Yo leve, y' al jwenn Moyiz ak Arawon.

7

Yo di yo: -Nou pa nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, paske nou te manyen yon kadav moun mouri. Men, poukisa nou pa ta ka pote ofrann nou yo bay Seyè a jou sa a, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo?

8

Moyiz reponn yo: -Rete tann jouk Seyè a va ban m' lòd sa pou m' di nou.

9

Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

10

-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yonn nan nou, osinon yonn nan pitit pitit nou yo, twouve li pa ta nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske li te manyen kadav yon moun mouri, ou ankò si li ta nan vwayaj byen lwen, l'a toujou ka fete fèt Delivrans lan pou Bondye.

11

Y'a tann katòzyèm jou dizyèm mwa a, lè sòlèy fin kouche, pou yo fè l'. Y'a manje manje Delivrans lan avèk pen san ledven yo epi ak fèy lanman.

12

Yo p'ap gen dwa kite anyen pou denmen maten, ni yo pa fèt pou yo kraze okenn zo bèt yo touye a. Y'a fè tout bagay dapre regleman mwen bay pou fete fèt Delivrans lan.

13

Men, si yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen epi ki pa nan vwayaj ta rive pa fete fèt Delivrans lan, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan fanmi l' yo, paske li pa t' ofri ofrann li bay Seyè a dat pou l' te fè l' la. Se pou l' peye pou sa l' fè a.

14

Si gen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, li menm tou se pou l' fete fèt Delivrans Seyè a, dapre lòd ak regleman fèt la. Va gen yon sèl regleman pou tout moun, ni pou moun natif natal peyi a, ni pou moun lòt nasyon yo.

15

¶ Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nwaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten.

16

Se konsa sa te toujou ye: lajounen nwaj la te kouvri l', lannwit li te klere tankou yon dife.

17

Chak fwa nwaj la fè yon leve anwo tant lan, la menm moun pèp Izrayèl yo leve, epi yo pati. Lè li desann poze sou tant lan, yo rete, yo moute tant yo la.

18

Konsa, se sou kòmandman Seyè a yo te leve pati, e se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo. Toutotan nwaj la te rete anwo tant lan, yo menm tou, yo te rete kote yo te ye a.

19

Si nwaj la te rete anpil jou anwo tant lan san deplase, moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd Seyè a, yo menm tou yo pa t' deplase.

20

Gen de fwa nwaj la pa t' rete lontan anwo tant lan san deplase. Men, se te toujou konsa: se sou kòmandman Seyè a yo te leve pati, se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo.

21

Gen de lè nwaj la rete sèlman pou yon nwit anwo tant lan, depi aswè jouk nan denmen maten. Leve nwaj la leve nan maten, yo menm tou yo leve, yo pati. Gen de fwa tou, li te rete yon jou yon nwit. Leve nwaj la leve, yo menm tou yo leve, yo pati.

22

Toutotan nwaj la te rete la anwo tant lan san deplase, li te mèt de jou, yon mwa, yon lanne, yo menm tou, yo pa t' deplase. Men, leve nwaj la leve, yo leve, yo pati.

23

Konsa, yo moute tant yo sou lòd Seyè a, yo leve yo pati sou lòd Seyè a: Yo te fè tou sa Seyè a te di Moyiz di yo fè.

Numbers 10

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com