Haitian Creole Bible

Numbers 10

Numbers

Return to Index

Chapter 11

1

¶ Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Seyè a jan zafè yo pa t' bon. Lè Seyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt.

2

Pèp la rele Moyiz vin delivre yo. Moyiz lapriyè Seyè a pou yo epi dife a sispann.

3

Se konsa yo rele kote yo te ye a Tabera, paske se la dife Seyè a te pran nan mitan yo a.

4

¶ Bann moun lòt nasyon ki te la nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di: -Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulye a?

5

Jan nou te konn manje pwason pou gremesi nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon ti konkonm, melon dlo, powo, zonyon, ak lay nou te konn manje!

6

Men koulye a, se deperi n'ap deperi. Nou pa gen anyen pou nou manje, anyen menm pase laman lan ki devan je nou tout tan!

7

Laman lan te gen fòm grenn pitimi, li te blan epi ou ta di se gonm arabik.

8

Pèp la ale toupatou, li ranmase yo. Apre sa, oubyen li te pase yo nan moulen wòch, oubyen li te pile yo nan pilon pou fè farin. Lèfini, yo kwit li nan chodyè, yo fè gato plat avè l'. Li te gen menm gou avèk pen ki fèt ak lwil oliv.

9

Se lannwit laman lan te konn tonbe nan kan an, menm lè ak lawouze.

10

Moyiz te tande jan pèp la t'ap plenyen, chak moun ak fanmi yo devan papòt tant yo. Seyè a te fache anpil sou moun yo. Sa te fè Moyiz lapenn.

11

Lè sa a, Moyiz di Seyè a konsa: -Poukisa ou aji mal avè m' konsa? Kisa m' fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen?

12

Eske se mwen ki papa yo? Eske se mwen ki manman yo? Poukisa w'ap mande m' pou mwen pote yo sou lestonmak mwen tankou nouris k'ap bay timoun tete, jouk yo rive nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap ba yo a?

13

Kote pou m' jwenn vyann pou m' bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m' pou m' ba yo vyann pou yo manje.

14

Mwen pa kapab reskonsab tout pèp sa a pou kont mwen. Chay la twò lou pou mwen.

15

Si se konsa w'ap aji avè m', tanpri, fè m' favè sa a: pito ou tou touye m' fin ak sa, pou m' pa wè m'ap pase tout malè sa a.

16

¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou.

17

M'ap desann epi m'a pale avè ou. M'a pran ti gout nan lespri mwen te ba ou a, m'a ba yo. Konsa, y'a ede ou pote reskonsablite pèp la, ou p'ap pote chay la pou kont ou ankò.

18

W'a di pèp la menm: Pran nwit la pou nou pare kò nou pou nou ka fè sèvis pou mwen denmen maten. Epi n'a jwenn vyann pou nou manje. Seyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Koulye a, Seyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje l' ban mwen.

19

Se pa sèlman yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni dis jou, ni vin jou n'a jwenn vyann sa a pou nou manje.

20

Se va pandan tout yon mwa. N'a gen pou nou manje l' jouk l'a soti nan twou nen nou, jouk n'a rebite l', paske nou te vire do bay Bondye ki te la nan mitan nou an, nou t'ap plenyen nan zòrèy li, nou t'ap di nou pa t' dwe janm soti kite peyi Lejip.

21

Moyiz di Seyè a: -Se sisanmil (600.000) moun wi ki sou kont mwen. Epi ou di w'ap ba yo vyann kont pou yo manje yon mwa.

22

Kote pou yo jwenn kantite mouton ak bèf pou touye ki pou ta kont pou yo? Si yo ta ka ranmase tout pwason ki nan lanmè, ou kwè li ta ase pou yo?

23

Seyè a di Moyiz: -Pa gen bagay mwen vle fè mwen pa ka fè! Talè konsa w'a wè si sa m' di a p'ap rive vre.

24

¶ Se konsa Moyiz soti, li di pèp la tou sa Seyè a te di l'. Li pran swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe fè wonn kay Bondye a.

25

Seyè a desann nan yon nwaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann.

26

Te gen de nan chèf fanmi yo te chwazi yo ki te rete nan kan an. Yo pa t' ale nan kay Bondye a. Yonn te rele Eldad, lòt la Medad. Lespri a te desann sou yo tou, yo t'ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.

27

Yon jenn gason kouri al di Moyiz men Eldad ak Medad ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.

28

Lè sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l' t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Msye Moyiz, fè yo sispann non!

29

Moyiz reponn li: -Kouman? Ou gen lè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Seyè a te mete lespri l' sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt!

30

Apre sa, Moyiz tounen nan kan an ansanm ak swasanndis chèf fanmi yo.

31

¶ Apre sa, Seyè a fè yon sèl van soufle sot nan lanmè, li bwote yon bann zòtolan ki vin tonbe toupatou nan kan kote moun yo te rete a ak toutotou kan an. Yon moun ta gen dwa mache tout yon jounen nan nenpòt direksyon anvan pou l' ta kite kote zòtolan yo te tonbe a. Zòtolan yo te fè pil rive twa pye wotè sou tè a.

32

Pèp la pase tout jounen an, tout nwit la, ak tout jounen denmen an ap ranmase zòtolan. Sa ki te ranmase pi piti a te ranmase dis barik pou tèt pa l'. Yo blayi yo atè toupatou nan kan an pou mete yo cheche.

33

Yo te fèk konmanse manje vyann, lè Seyè a fè kòlè sou pèp la, li lage yon sèl epidemi sou yo pou pini yo.

34

Yo rele kote sa a: Simityè Grangou, paske se la yo te antere tout moun nan pèp la ki t'ap plenyen pou vyann.

35

Apre sa, pèp la kite Simityè Grangou kote yo te ye a, yo pati pou Azewòt kote yo moute kay yo.

Numbers 12

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com