| Chapter 34 |
1 |
¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: |
2 |
-Men lòd w'a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fwontyè ki pral limite peyi a. |
3 |
Sou bò sid la, n'a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fwontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a. |
4 |
L'a chankre desann nan direksyon sid bò pas Eskòpyon yo, l'a travèse dezè Zin lan, jouk li rive anba nèt bò Kadès-Banea. L'a pran direksyon nò, l'a moute bò Aza ada, l'a rive Achmon, |
5 |
l'a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l'a bout nan Lanmè Mediterane. |
6 |
Sou bò solèy kouche, teritwa a nou an va rive jouk sou rivaj gwo lanmè a. Se Lanmè Mediterane a ki va sèvi nou fwontyè. |
7 |
Sou bò nò a, fwontyè a va swiv yon liy dwat ki soti depi gwo lanmè a rive sou mòn Or la. |
8 |
Antan nou la, n'a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad. |
9 |
N'a pouse pi lwen toujou nan direksyon Zifwon jouk nou rive Aza-Enan. Men fwontyè nou sou bò nò a. |
10 |
Fwontyè sou bò solèy leve a va soti Aza-Enan pou rive Chefam. |
11 |
L'a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L'a desann pi ba toujou jouk l'a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve. |
12 |
Fwontyè a va swiv larivyè Jouden an pou l' al bout sou lanmè Sale a. Men fwontyè k'ap limite peyi nou an sou kat bò. |
13 |
Moyiz bay moun Izrayèl yo lòd sa yo: -Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Seyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la. |
14 |
Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a deja resevwa tè pa yo, chak fanmi apa. |
15 |
Yo resevwa pòsyon tè pa yo ki anfas lavil Jeriko, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. |
16 |
¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: |
17 |
-Men non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, |
18 |
avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi. |
19 |
Men non chèf yo. Pou branch fanmi Jida a, se va Kalèb, pitit gason Jefoune a. |
20 |
Pou branch fanmi Simeyon an, se va Chemwèl, pitit gason Amiyoud la. |
21 |
Pou branch fanmi Benjamen an, se va Elidad, pitit gason Kislòn lan. |
22 |
Pou branch fanmi Dann lan, se va chèf Bouki, pitit gason Jogli a. |
23 |
Pou branch fanmi Jozèf la, va gen chèf Aniyèl, pitit gason Efòd la, pou fanmi Manase a, |
24 |
ak chèf Kemwèl, pitit gason Chiftan an, pou fanmi Efrayim lan. |
25 |
Pou branch fanmi Zabilon an, se va chèf Elichafan, pitit gason Panak la. |
26 |
Pou branch fanmi Isaka a, se va chèf Paltiyèl, pitit gason Azan an. |
27 |
Pou branch fanmi Asè a, se va chèf Akiyoul, pitit gason Chelomi a. |
28 |
Pou branch fanmi Neftali a, se va chèf Pedayèl, pitit gason Amiyoud la. |
29 |
Men moun Seyè a te mete reskonsab pou fè pataj tè a pou bay chak moun nan pèp Izrayèl la pòsyon pa yo nan peyi Kanaran. |