Haitian Creole Bible

2 Chronicles 32

2 Chronicles

Return to Index

Chapter 33

1

¶ Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan.

2

Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.

3

Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.

4

Li menm rive bati lotèl pou zidòl nan Tanp Seyè a menm, kote Seyè a te di se la l'ap rete nan lavil Jerizalèm pou toutan.

5

Li fè bati lotèl nan de lakou tanp Seyè a pou tout zetwal ki nan syèl la.

6

Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò.

7

Li fè fè yon estati zidòl mete nan Tanp Seyè a, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon, pitit li. Li te pale ak yo sou Tanp lan, li te di yo se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.

8

Depi moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m' lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te vle bay zansèt yo a.

9

Men, Manase te lakòz pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo pèdi tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.

10

Seyè a te pale ak Manase ansanm ak pèp li a, men yo derefize koute l'.

11

¶ Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn.

12

Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Seyè a, Bondye zansèt li yo.

13

Li lapriyè Bondye, Bondye tande lapriyè l' la, li ba li sa l' te mande a. Li fè l' tounen lavil Jerizalèm pou li al pran plas li ankò. Se konsa Manase vin konprann se Seyè a ki Bondye vre.

14

Apre sa Manase bati yon miray byen wo sou deyò lavil David la, sou bò solèy kouche, bò sous Giyon an. Miray la pran depi nan ravin lan, li pase bò Pòtay Pwason yo, li fè wonn Ofèl la. Manase mete yon kòmandan nan tout lavil peyi Jida yo ki gen gwo ranpa.

15

Li wete tout estati zidòl lòt nasyon yo ak gwo estati ki te nan Tanp lan. Li kraze tout lotèl yo te bati sou mòn kote Tanp Seyè a te ye a ak nan lavil Jerizalèm. Li pran tout bagay sa yo, li voye yo jete an deyò lavil la.

16

Li fè repare lotèl Seyè a, li fè ofrann pou mande Bondye padon ak pou di l' mèsi. Li mande pou tout moun nan peyi Jida a sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

17

Pèp la te toujou ap ofri bèt pou yo touye lòt kote, men se te toujou pou Seyè a, Bondye yo a, ase.

18

Tout rès istwa Manase a, lapriyè li te fè nan pye Bondye li a, mesaj pwofèt yo te ba li nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, tou sa ekri nan Liv Istwa wa pèp Izrayèl yo.

19

Lapriyè wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l' yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l' te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a.

20

Lè Manase mouri, yo antere l' nan jaden palè a. Se Amon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.

21

¶ Amon te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan dezan.

22

Tankou Manase, papa l', li fè sa ki mal devan Seyè a. Li ofri bèt pou yo touye, li fè sèvis pou tout zidòl papa l' te fè fè yo.

23

Men, li pa t' rekonèt peche l' yo devan Seyè a, tankou Manase, papa l', te fè l' la. Li menm rive fè pi mal pase papa l' toujou.

24

Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l' anndan palè a.

25

Moun peyi Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo. Yo mete Jozyas, pitit gason Amon an, wa nan plas li.

2 Chronicles 34

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com