| Chapter 5 |
1 |
¶ Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale? |
2 |
Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo. |
3 |
Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M' rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo. |
4 |
Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal. |
5 |
Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo. |
6 |
¶ Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l' tonbe anba soufrans. |
7 |
Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri. |
8 |
Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'. |
9 |
Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte. |
10 |
Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden. |
11 |
Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo. |
12 |
Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo. |
13 |
Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè. |
14 |
Gwo lajounen y'ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit. |
15 |
Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo. |
16 |
Li bay pòv yo espwa. Li fèmen bouch mechan yo. |
17 |
¶ Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt! |
18 |
Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou. |
19 |
Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou. |
20 |
Nan grangou, li p'ap kite ou mouri. Nan lagè, li p'ap kite yo touye ou. |
21 |
L'a pwoteje ou anba kout lang. Ou p'ap bezwen pè lè w'a wè gwo malè ap pwoche. |
22 |
W'a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p'ap pè bèt nan bwa. |
23 |
Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p'ap janm atake ou. |
24 |
Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan. |
25 |
W'a gen anpil pitit. Y'a pouse tankou plant nan jaden. |
26 |
Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri. |
27 |
Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a. |