| Chapter 17 |
1 |
¶ Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon. |
2 |
Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi. |
3 |
Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo. |
4 |
Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen. |
5 |
Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li. |
6 |
Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'! |
7 |
Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè! |
8 |
Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye. |
9 |
Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo. |
10 |
¶ Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann. |
11 |
Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò. |
12 |
Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen. |
13 |
Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'. |
14 |
Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'. |
15 |
Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò? |
16 |
Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'? |