| Chapter 35 |
1 |
¶ Eliyou pran lapawòl ankò, li di: |
2 |
-Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye, |
3 |
lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen. |
4 |
Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo. |
5 |
Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou! |
6 |
Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen? |
7 |
Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a? |
8 |
Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat. |
9 |
¶ Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele. |
10 |
Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj. |
11 |
Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la. |
12 |
Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy. |
13 |
Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè. |
14 |
¶ Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li. |
15 |
Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen. |
16 |
Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di. |