| Chapter 38 |
1 |
¶ Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: |
2 |
-Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen? |
3 |
Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen. |
4 |
¶ Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay! |
5 |
Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa? |
6 |
Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la? |
7 |
Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo. |
8 |
Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a? |
9 |
Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo, |
10 |
mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li. |
11 |
Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo. |
12 |
¶ Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase? |
13 |
Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo? |
14 |
Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li. |
15 |
Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a. |
16 |
Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a? |
17 |
Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an? |
18 |
Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen! |
19 |
Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete, |
20 |
pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo? |
21 |
Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou! |
22 |
Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la? |
23 |
Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt? |
24 |
Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè? |
25 |
¶ Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la, |
26 |
pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete, |
27 |
pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann? |
28 |
Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze? |
29 |
Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'? |
30 |
Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch? |
31 |
Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm? |
32 |
Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran? |
33 |
Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè? |
34 |
Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou? |
35 |
Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou? |
36 |
Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe? |
37 |
Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli, |
38 |
pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm? |
39 |
Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo, |
40 |
kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a? |
41 |
Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje? |