| Chapter 26 |
1 |
¶ Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou. |
2 |
Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m', |
3 |
Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la. |
4 |
Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit. |
5 |
Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo. |
6 |
¶ Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a, |
7 |
pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo. |
8 |
Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a. |
9 |
Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo, |
10 |
ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun. |
11 |
Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen. |
12 |
M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l' reyini. |