Haitian Creole Bible

Psalms 81

Psalms

Return to Index

Chapter 82

1

¶ Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.

2

Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?

3

Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!

4

Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.

5

Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò!

6

¶ Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.

7

Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf.

8

Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.

Psalms 83

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com