| Chapter 96 |
1 |
¶ Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! |
2 |
Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. |
3 |
Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. |
4 |
Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo. |
5 |
Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la. |
6 |
Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a! |
7 |
Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! |
8 |
Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! |
9 |
Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li. |
10 |
¶ Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri. |
11 |
Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. |
12 |
Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan, |
13 |
lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt. |