Haitian Creole Bible

Psalms 119

Psalms

Return to Index

Chapter 120

1

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.

2

Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.

3

Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?

4

Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?

5

¶ Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.

6

Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!

7

Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

Psalms 121

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com