Haitian Creole Bible

Psalms 121

Psalms

Return to Index

Chapter 122

1

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a.

2

Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.

3

Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.

4

Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.

5

Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.

6

¶ Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.

7

Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.

8

Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la!

9

Poutèt kay Seyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.

Psalms 123

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com