Haitian Creole Bible

Psalms 123

Psalms

Return to Index

Chapter 124

1

¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.

2

Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,

3

yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.

4

Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.

5

Wi, lavalas ta pote nou ale.

6

¶ Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.

7

Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.

8

Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Psalms 125

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com