Haitian Creole Bible

Psalms 128

Psalms

Return to Index

Chapter 129

1

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.

2

Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.

3

Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.

4

Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.

5

¶ Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.

6

Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.

7

Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.

8

Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!

Psalms 130

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com