Haitian Creole Bible

Psalms 129

Psalms

Return to Index

Chapter 130

1

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.

2

Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.

3

Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?

4

Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.

5

¶ Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.

6

N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!

7

Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.

8

Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.

Psalms 131

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com