Haitian Creole Bible

Psalms 148

Psalms

Return to Index

Chapter 149

1

¶ Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!

2

Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.

3

Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!

4

Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.

5

Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.

6

¶ Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,

7

pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,

8

pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,

9

pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!

Psalms 150

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com