| Chapter 150 |
1 |
¶ Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè! |
2 |
Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs! |
3 |
Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo! |
4 |
Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen! |
5 |
Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri! |
6 |
Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a! |