| Chapter 4 |
1 |
¶ Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann. |
2 |
Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou. |
3 |
Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen. |
4 |
Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv. |
5 |
Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo. |
6 |
Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou. |
7 |
Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann. |
8 |
renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou. |
9 |
Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase. |
10 |
Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan. |
11 |
Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat. |
12 |
Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen. |
13 |
Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou. |
14 |
¶ Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo. |
15 |
Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou. |
16 |
Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a. |
17 |
Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè. |
18 |
Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt. |
19 |
Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite. |
20 |
¶ Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen. |
21 |
Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. |
22 |
Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo. |
23 |
Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv. |
24 |
Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase. |
25 |
Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. |
26 |
Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. |
27 |
Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal. |