Haitian Creole Bible

Proverbs 17

Proverbs

Return to Index

Chapter 18

1

¶ Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy.

2

¶ Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri.

3

¶ Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont.

4

¶ Pawòl moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan.

5

¶ Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis.

6

¶ Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou.

7

Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li.

8

¶ Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.

9

¶ Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.

10

¶ Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.

11

¶ Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo.

12

¶ Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.

13

¶ Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont.

14

¶ Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li?

15

¶ Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou.

16

¶ Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.

17

¶ Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba.

18

¶ Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon.

19

¶ Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt.

20

¶ Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li.

21

¶ Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.

22

¶ Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'.

23

¶ Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun.

24

¶ Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

Proverbs 19

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com