Haitian Creole Bible

Proverbs 19

Proverbs

Return to Index

Chapter 20

1

¶ Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.

2

¶ Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.

3

¶ Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont.

4

¶ Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'.

5

¶ Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.

6

¶ Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.

7

¶ Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.

8

¶ Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.

9

¶ Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?

10

¶ Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.

11

¶ Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.

12

¶ Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.

13

¶ Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje.

14

¶ Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè.

15

¶ Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè.

16

¶ Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye.

17

¶ Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.

18

¶ Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.

19

¶ Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.

20

¶ Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan.

21

¶ Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.

22

¶ Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.

23

¶ Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans.

24

¶ Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?

25

¶ Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.

26

¶ Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.

27

¶ Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.

28

¶ Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri.

29

¶ Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l' yo ki fè valè l'.

30

¶ Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman.

Proverbs 21

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com