| Chapter 145 |
1 |
¶ Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan. |
2 |
Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. |
3 |
Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa! |
4 |
Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo. |
5 |
M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo. |
6 |
Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs. |
7 |
Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri. |
8 |
Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou! |
9 |
Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè. |
10 |
¶ Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! |
11 |
Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa, |
12 |
pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. |
13 |
Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè. |
14 |
L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. |
15 |
Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. |
16 |
Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen. |
17 |
Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. |
18 |
Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo. |
19 |
L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo. |
20 |
L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo. |
21 |
M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan. |